KLIKE SOU TI PLIS YO +

KI AVANTAJ Asirans Shalom.D a OFRI?

Lanmò se yon fenomèn inivèsèl e inevitab ki afekte tout èt vivan. Lavi a plen ak sipriz, pami sipriz yo se pèdi
yon moun ou renmen.
Avantaj yo Asirans desè se yon kontra ki prevwa pèman depans enpòtan, sitou pandan yon peryòd vrèman difisil.

Li pèmèt ou defini klèman kijan ou vle antèman ou an òganize, kit se kalite seremoni an oswa kalite aranjman
fineray la selon klas asirans ou chwazi a. Abònman an kapab endividyèl oubyen kolektif nan yon kontra gwoup
san limit laj. BAenefisyè asirans lan kapab mari oswa madanm ou, pitit ou yo, manm fanmi ou oswa menm yon
moun pwòch ou ki pa gen rapò ak ou. Se yon zouti enpòtan pou asire ke dènye volonte ou yo respekte epi ke
moun ou renmen yo pa gen twòp enkyetid.

Kontra a ofri posiblite pou chwazi montan an ak sèvis yo an relasyon ak klas ou chwazi a. Montan an ak sèvis klas ki chwazi a fikse lè w siyen kontra a. Kondisyon kontra a
se yon sijè delika, moun ki asire a gen chwa pou li peye kòb sa chak mwa nan asirans shalom.D. Pou evite fè
yon erè, asire ‘w, ou li kondisyon kontra a ak anpil atansyon pou’w ka chwazi klas ki pral koresponn ak bidjè w yo.

KI DEZAVANTAJ Asirans Shalom.D a OFRI?

Malgre anpil avantaj yo, asirans desè a gen kèk dezavantaj tou. Pi gwo dezavantaj asirans desè Shalom.D a se kòb chak mwa yo. Obligatwaman ou dwe peye chak mwa pou garanti pwoteksyon nan moman lanmò moun ki asire a. Si ou pa peye chak mwa, konsekans yo ka grav. Se poutèt sa li enpòtan pou  peye regilyèman pou evite deranjman.

Sispansyon sèten garanti ak koz :

Sispansyon sèten benefis asirans shalom.D vle di ke pwoteksyon ki prevwa nan kontra a pa aplike. Pandan peryòd sispansyon an, moun ki asire a p’ap gen
pwoteksyon pou sèten sèvis. Nan ka lanmò, benefisyè ou yo p’ ap resevwa benefis yo te espere yo. Prim yo ap rete dwe jiskaske ou korije sitiyasyon ou. Yon peryòd twa mwa san ou pa peye lakòz sispansyon; peye kòb asirans lan alè. Nan ka difikilte finansye, kontakte konpayi asirans ou pou jwenn yon solisyon.

Revokasyon tanporè kontra a:

Anplis sispansyon sèten garanti, genyen revokasyon tanporè kontra a. Si moun nsn fè 6 mwa li pa peye asirans lan, kontra a ap fini oswa entèwonp pou yon peryòd fiks avèk posiblite pou rekòmanse li. Si moun ki asire a oswa yon benefisyè mouri apre revokasyon tanporè kontra a, yo p ‘ap benefisye garanti yo bay yo ansanm ak mwatye nan pwoteksyon yo. Li enpòtan pou konprann rezon ki fè yo entèwonp kontra a.

Revokasyon final :

 Li posib tou pou ale nan yon revokasyon definitif nan kontra a nan ka fwod, ki vle di fen kontra a, se yon desizyon irevokab epi tou pèt sòm yo te peye yo

Konklizyon:

 Asirans desè Shalom. D ofri avantaj men li gen dezavantaj tou si moun ki asire a pa peye kontribisyon li yo chak mwa Li enpòtan pou ou konnen limit li yo epi pran prekosyon lè w ap jere kontra ou a.

KIJANW KA KONTAKTE NOU?

 # 28, anfas enpas banbou kafou lizon wout nasyonal nimewo 1 .
# 28, Dèlma 33 anfas pak Midore
# 28, Kafou twitye konplèks korona
Telefòn: (509 ) 3731-8374 / 3279-3949
Email: shalom.dfuneraille@yahoo.com

KITE YON MESAJ POU NOU