Depi 2005 n’ap travay pou nou ofri yon sèvis de kalite
🔷 Sèvis nou yo
« Tout sa ou bezwen, an yon sèl kote »
Depi 2005, nou devlope sèvis ki konplè pou chak fanmi – san ou pa bezwen al chèche lòt kote. Soti nan konsèy jiska ekzekisyon, nou bay ou lapè lespri.
🔷 Avan fineray la
« Nou prepare tout bagay ak respè ak swen »
Chak fineray merite planifikasyon serye. Soti nan leve kò a, swen li resevwa, rive nan chwa sèkèy la – se etap enpòtan pou onore memwa moun ou renmen.
🔷 Fòm legal ak pwosedi administratif
« Nou pran chay papye yo pou ou »
Nan moman doulè, w pa ta dwe okipe demach legal yo. Se travay pa nou. Nou asire ou gen tout papye ofisyèl yo, san estrès, san reta.
📋 Lis Sèvis Shalom.D
klike sou ti plis yo +
1. Anvan Fineray la
-
Transpò soti kote moun nan mouri rive nan lokal Shalom.D
-
Swen pou moun ki mouri a (benyen, abiye, prepare kò a)
-
Konsèvasyon kò a nan mòg, an konfòmite ak estanda yo
-
Chwa ak preparasyon sèkèy la
-
Òganizasyon seremoni fineray la
2. Pwosedi Legal ak Administratif
-
Akonpayman ak asistans desè
-
Deklarasyon lanmò ak anrejistreman ofisyèl
-
Jwenn pèmi antèman
-
Fè anons nekwolòji (radyo, jounal, entènèt)
3. Pandan Fineray la
-
Ekspozisyon nan legliz la
-
Sèvis kòbya
-
Potè sèkèy
-
Dekorasyon ak jèb flè oswa kouwòn
-
Liv siyati pou envite yo
-
Kat de regrè
-
Kat senpati
-
Banyè fineray
-
Sèvis difizyon Zoom pou fanmi ki pa sou plas
4. APRE FINERAY LA
-
Anons remèsiman
-
Foto ak videyo fineray la
-
Sètifika prezans pou fanmi k ap viv aletranj
🔷 Poukisa pou chwazi nou ?
« Yon chwa ki depase sèvis la »
Lè w ap chèche yon antrepriz pou òganize yon fineray, ou bezwen plis pase moun ki konn travay. Ou bezwen moun ki konprann w, ki la pou pote ou konsole. Se sa Shalom.D ofri w: eksperyans, senpati, transparans ak respè.