kiyès nou ye?
Byenvini nan Shalom.D, nou la pou’n akonpanye’w
nan òganizasyon antèman fanmi’w ak pwòch ou pandan n’ap ofri’w yon solisyon ki adapte ak bezwen’w e bidjè ou yo. Nou ofri’w tou yon sèvis asirans desè ki kouvri 4 manb nan fanmi’w a nenpòt laj yo ta genyen, aprè 24 èd tan enskripsyon an yo deja rekonèt ou kòm manb asirans lan men se aprè 3 mwa y’ap kapab jwi tout sèvis asirans lan, e w’ap tou jwi privilèj espesyal asirans pwovens lan ki nan tout peyi a, aprè 3 mwa n’ap ba’w sèkèy, flè plis kòb veye, e si ta gen difikilte ou pap ka ale ak sèvis lan, sa depann de tan ou genyen nan asirans lan y’ap
remèt ou $ 5000 HT jiska $ 10000 Ht.
Shalom.D la pou òganize fineray yon fanmi, yon zanmi nan diyite ak respè, nou spesyalize nan vann vann sèkèy de kalite, jèb flè, jèb bato ak kouwòn etc…
Istorik Antrepriz lan !
Shalom.D se yon antrepriz finerè ki pran nesans nan ane 2005 nan komin Delma
sa fè’l anviwon 20 lane depi li egziste, li se yon sosyete anonim ( S.A ).
Li espesyalize nan òganize fineray, nou ede kominote ayisyèn nan, nan yon fason pou rann yon dènye omaj a yon moun ki te chè pou yo. Nou gen yon sèvis de kalite konplè depi nan leve mò a jiska simetyè a.
Ede yo nan:
- chwa sèkèy
- òganize fineray la
- demach administrativ
- tip fineray e swen pou konsève mò a
- kav pou antere’l
- asire de transpò mò a ak fanmi an nan lye seremoni an jiska simetyè a
ekip nou an toujou disponib pou asiste’w…….
16 jen 2010 Shalom.D te mete yon anèks nan laplèn di kil de sak, antrepriz la mete nan kominote an yon asirans desè ki ofri plizyè avantaj ak soulajman finansye nan ka lanmò, li kouvri 50% nan kòb fineray la.
POU FINI abitan nan lokalite an te enskri an mas e yo rele pou pran sèvis yo lè yo gen yon moun ki mouri.
Nan lane 2014 Shalom.D te mete yon lòt anèks nan Komin Delma e nan 2016 yon lòt anèks nan komin kafou.
Misyon ak vizyon:
Misyon nou se respè, atansyon ak sipò e nou mete aksan sou efikasite ak
pwofesyonalism nou de yon fanmi ki nan moman tristès, nou bay fanmi ki nan lapenn nan soulajman, ba yo
konsèy, tande yo e akonpanye yo le yo gen bezwen, asire de kote moun nan mouri an jiska kote l’ap antere a
avek swen e respè.