Shalom.D
Asirans Shalom.D se yon trankilite despri, doulè ou se angajman nou yo,
diyite ou priyorite nou nan zafè antèman.

Prezantasyon rapid sèvis yo ak pwodwi yo.
enfomasyon jeneral
Byenvini nan Shalom.D, nou la pou’n akonpanye’w nan òganizasyon antèman fanmi’w ak pwòch ou pandan n’ap ofri’w yon solisyon ki adapte ak bezwen’w e bidjè ou yo.
Nou ofri’w tou yon sèvis asirans desè ki kouvri 4 manb nan fanmi’w a nenpòt laj yo ta genyen, aprè 24 èd tan enskripsyon an yo deja rekonèt ou kòm manb asirans lan men se aprè 3 mwa y’ap kapab jwi tout sèvis asirans lan, e w’ap tou jwi privilèj espesyal asirans pwovens lan ki nan tout peyi a.
Aprè 3 mwa n’ap ba’w sèkèy, flè plis kòb veye, e si ta gen difikilte ou pap ka ale ak sèvis lan, sa depann de tan ou genyen nan asirans lan y’ap remèt ou $ 5000 HT jiska $ 10000 Ht.
Shalom.D la pou òganize fineray yon fanmi, yon zanmi nan diyite ak respè, nou spesyalize nan vann sèkèy de kalite, jèb flè, jèb bato ak kouwòn etc…

Istorik Antrepriz lan
Istorik shalom.D
Shalom.D se yon antrepriz finerè ki pran nesans nan ane 2005 nan komin Delma.
sa fè’l anviwon 20 lane depi li egziste, li se yon sosyete anonim ( S.A ). Li espesyalize nan òganize fineray, nou ede kominote ayisyèn nan, nan yon fason pou rann yon dènye omaj a yon moun ki te chè pou yo.
Nou gen yon sèvis de kalite konplè depi nan leve mò a jiska simetyè a.
Ede yo nan:
- chwa sèkèy
- òganize fineray la
- demach administrativ
- tip fineray e swen pou konsève mò a
- kav pou antere’l
- asire de transpò mò a ak fanmi an nan lye seremoni an jiska simetyè a.
Ekip nou an toujou disponib pou asiste’w…….
16 jen 2010 Shalom.D te mete yon anèks nan laplèn di kil de sak, antrepriz la mete nan kominote an yon asirans desè ki ofri plizyè avantaj ak soulajman finansye nan ka lanmò, li kouvri 50% nan kòb fineray la.
Pou fini abitan nan lokalite an te enskri an mas e yo rele pou pran sèvis yo lè yo gen yon moun ki mouri.
Nan lane 2014 Shalom.D te mete yon lòt anèks nan Komin Delma e nan 2016 yon lòt anèks nan komin kafou.

Misyon ak vizyon
Misyon nou
Misyon nou se respè, atansyon ak sipò e nou mete aksan sou efikasite ak pwofesyonalism nou de yon fanmi ki nan moman tristès, nou bay fanmi ki nan lapenn nan soulajman, ba yo
konsèy, tande yo e akonpanye yo le yo gen bezwen, asire de kote moun nan mouri an jiska kote l’ap antere a avek swen e respè.
Poukisa chwazi Shalom.D ?
✨ Nou se plis pase yon sèvis. Nou se yon sipò.
Pèdi yon moun ou renmen pa fasil. Se pa moman pou w ap pè, konfonn oswa abandone. Shalom.D la pou sipòte ou ak tout kè nou.
Nou pa sèlman òganize fineray.
Nou mete tèt nou nan plas ou. Nou tande, nou konprann, epi nou reponn ak respè.
🔷 Langaj nou senp, klè, epi aksesib.
🔷 Pri nou yo detaye, san sipriz.
🔷 Sèvis nou yo gen estanda ak etik pwofesyonèl.
🔷 Nou mete diyite ak volonte moun ki mouri a nan sant tout sa nou fè.
Sèvis Nou Ofri
🔹 Depi 2005, nou ap sèvi ak kè, ladrès ak konfyans.
Nou gen kapasite pou reponn vit, byen, epi ak respè. Chak sèvis fèt pou matche ak bidjè w, san w pa pèdi kalite.
Nou ba ou solisyon ki konplè – depi premye apèl la jouk apre seremoni an.
✔ Entèvansyon rapid
✔ Plan fleksib selon bidjè
✔ Sipò fizik, administratif ak emosyonèl